Diksyone Pwoveb, Ti pawol ak Dizon Ayisyen, Tom 4 - Charlotin Olivier - Libros -  - 9798500598035 - 8 de mayo de 2021
En caso de que portada y título no coincidan, el título será el correcto

Diksyone Pwoveb, Ti pawol ak Dizon Ayisyen, Tom 4

Precio
$ 38,99
sin IVA

Pedido desde almacén remoto

Entrega prevista 23 de jun. - 10 de jul.
Añadir a tu lista de deseos de iMusic

Diksyonè sila a se yon manman penba ki parèt ak dyakout li plen ragagann ap debòde yon bann ak yon pakèt pwovèb ak grandizon makonnen ak tout parèy yo nan lang franse ak angle. Gendelè tou, nou sètoblije parye yo ak de tradiksyon kole-kole, pou pèmèt lektè a sezi sans kache ki dèyè lide pwovèb la oswa dizon an. Pandan tout 15 lane sa yo, otè a t ap mache toupatou, tribò-babò ak dyakout li gran louvri, ak zòrèy li an twonpèt pou koute ayisyen tout plim tout plimay, lavil, nan mòn kou laplenn, k ap pale an parabòl rive bay kokenchenn rekòt sila a jounen jodi a. Depi kòmansman rechèch yo pou rive jouk jounen jodi a, nan piblikasyon diksyonè a, otè a te sitou tenyen tout pasyon ak emosyon ki anndan l pou pat mete ankenn pase genyen, ankenn diplis ni dimwens nan siyifikasyon Pwovèb, Tipawòl ak Dizon yo, sinon ke sans yo genyen nan kilti peyi a. Pwovèb, Tipawòl ak Dizon yo menm jan ak lajan peyi-a. nou jwenn yo nan tout sektè, nan tout nivo nan sosyete-a; lakay grannèg kou kay malere. Nan bouch moun ki konn li, ni sa k pa konn li. Timoun ak jenn moun, kou granmoun. Moun ki di yo se kretyen ni sa k di yo se vodouyizan, elatriye. Pèp la ak lang nan se pwason kraze nan bouyon, yo fè youn; pèp la se lang lan, lang lan se pèp la.

Medios de comunicación Libros     Paperback Book   (Libro con tapa blanda y lomo encolado)
Publicado 8 de mayo de 2021
ISBN13 9798500598035
Páginas 334
Dimensiones 152 × 229 × 18 mm   ·   449 g
Lengua Inglés  

Mas por Charlotin Olivier

Mostrar todo